Anne Lekòl 2017-2018-la Trè To Nan Mattapan Early Elementary School Doub Lang Kreyòl

  • Mattapan Dual Language

     

    Lekòl Mattapan Early Elementary / Pwogram Imèzyon Kreyòl Ayisyen:

    Pou Plis Enfomasyon Tanpri rele: 617-763-2620 oswa voye yon imel pou: Kerensa Elzy Maiden nan kelzymaiden@bostonpublicschools.org
     

    Pwogram nan

    Lekòl Mattapan Early Elementary School (MEES) pral ofri premye Pwogram Lekòl Matènèl Imèsyon nan Kreyòl Ayisyen nan peyi a.  Ap gen ansèyman nan de lang (Kreyòl Ayisyen ak Anglè) pou tout matyè yo.  Objektif pwogram nan se pou timoun yo aprann li ak ekri nan de lang e apresye toude kilti yo.  Nan pwogram sa a, elèv yo ap resevwa menm ansèyman ke tout lòt timoun nan distri a.  Y ap ekspoze a plizyè literati epi y ap anseye yo kijan pou yo fè bon rezonnman.


    Modèl Pwogram nan

    Pwogram ap yon modèl 70/30, ki vle di: 70 pousan nan ansèyman yo ap fèt an Kreyòl epi 30 pousan ap fèt an Anglè.  Bi pwogram sa a se pou yo gen yon konpetans kote ansèyman yo ap fèt 50 pousan an Kreyòl ak 50 pousan an Anglè lè yo rive nan klas 3yèm ane a.  Premye klas k ap ouvri pwogram nan ap gen ladann 25 elèv, 15 k ap gen Kreyòl Ayisyen kòm lang natif natal yo epi 10 k ap gen Anglè kòm lang natif natal yo.

  • Benefis Pwogram nan

    1. Elèv yo fè pi gwo nòt
    2. Elèv yo gen plis anvi al lekòl epi yo montre mwens pwoblem konpòtman
    3. Elèv yo aprann jere tèt yo
    4. Elèv ki rete nan pwogram nan devanse kamarad yo
    5. Elèv yo ogmante kapasite yo pou yo konsantre yo sou travay y ap fè nan moman an

     

     

  • Kontak Kominotè

    Gen plizyè òganizasyon ak pèsonalite ki jwe yon gwo wòl nan kominikasyon ak angajman kominote a pou reyisit pwojè sa a, tankou: Asosyasyon Paran Ayisyen Massachusetts la (The Massachusetts Haitian Parents Association) ak Irlande Plancher ki reprezante Nehmiah Project.  Avèk sipò Pastè Dieufort Fleurissant (“Pastè Kiki”), Biwo Elèv k ap Aprann Anglè a te gen opòtinite pou l angaje l ak moun ki gen enterè nan kominote a nan plizyè evènman, reyinyon piblik nan meri vil la ansanm ak plizyè òganizasyon medya.  Ankolaborasyon avèk Biwo Angajman an, OIIT ak Kominikasyon, OELL (Biwo Elèv k ap Aprann Lang Anglè a) deja distribye materyo sou benefis pwogram imèsyon yo, li fè reyinyon avèk Òganizasyon Kominotè yo.  Epi li pwojte enfòmasyon sou benefis pwogram imèsyon an sou sit entènèt Lekòl Piblik Boston an (BPS la), ki envite fanmi yo pou yo enskri pou Pwogram Imèsyon Kreyòl Ayisyen an nan Sant Dakèy yo.

  • Devlopman Pwofesyonèl

    Biwo Elèv k ap Aprann Lang Anglè asosye tout avèk Doktè Michel DeGraff, Pwofesè Lengwistik, nan Massachusetts Institute of Technology (MIT) pou n kapab bay pwofesè Lekòl Piblik Boston yo yon sesyon senk gwoupman, sou Etid Kreyòl, pou n sipòte antrepriz sa a.  Doktè Degraff dakò pou l asosye avè’ nou nan pwojè sa a epi l va bay MEES sipò pou n kapab mete pwogram sa a sou pye nan yon fason ki efikas.  Anplis, pwogram sa ap resevwa devlopman pwofesyonèl nan men Center for Applied Linguistics (Sant Lengwistik Aplike), the Massachusetts Association for Bilingual Education (Asosyasyon Massachusetts la pou Edikasyon Bileng) ak Dual Language New Mexico (Pwogram Imèsyon Nouvo Meksik) pou sipòte efò pou n mete pwogram sa a sou pye.  N ap devlope epitou founi Devlopman Pwofesyonèl sou pwogram ‘Focus on K1’ nan (“Anfaz sou K1”) an kolaborasyon avèk Biwo Edikasyon Timoun Piti a ak Biwo Elèv k ap Aprann Anglè a.  Biwo Zafè Akademik Lekòl Piblik Boston an ak Biwo Elèv k ap Aprann Anglè a ap sipèvize pwogram nan e yo devwe pou yo wè reyisit dewoulman pwogram sa a.  Epitou gen yon ekip edikatè ak lidè kominotè k ap mete men.